Avoka kap defann Telimond Alexis, denonse komisè Eno Zéphirin ki kanpe an kwa pou lajistis pa triyonfe.

171
0
Share:
TRiboLAND

06-30-2023

Wanament, Ayiti ______(TRiboLAND) Avoka kap defann Telimond Alexis nan kad konfli teryen ki opoze li menm avèk Stela Michel, Annette Michel, e Job César, denonse komisè gouvènman Fòlibète a, Mèt Eno Zéphirin kap sipòte lafamiy Michel ak Baz Ti Sèkèy nan Mankèt, yon fason pou kliyan yo a pa monte sou pòsyon tè ki rele yo chèmèt chèmètrès; malgreTelimond Alexis genyen 2 arè Koudapèl ki soti anfavè l.

Mèt Justafo Mompremier, kise yonn nan avoka kap pare kou pou Telimond Alexis, fè konnen Lakoudapèl Okap deja fin tranche sou dosye a, jiskaske lafanmiy Michel te kondane pou peye kliyan an 80 mil goud kòm domaj enterè. Sepandan, malgre tout zèl kat sa yo, Stela Michel ak ekip li a sèmante pou kliyan li an pa viv pèzib sou pòsyon tè sa a.

Mèt Momprier fè referans ak dekrè 22 dawout 1995 lan, nan atik 22 ak 29; kote li raple chèf pakè Fòlibète a ke li pa gen dwa opoze a okenn desizyon lajistis fenn tranche.

Mèt Justafor profite denonse group moun sa yo, ki ap prepare pou yo asasine kliyan li ak tout li menm, li anonse li deja pote plent pou lafamiy Michel pandan’l fè kwè se komisè gouvènman Eno Zéphirin ki kanpe ankwa pou lajistis pa fè chimen’l kont Stela Michel e latriye.

Share:

Leave a reply