Yon dife devastatè koze gwo dega nan mache Mfoundi nan Yaounde

420
0
Share:
TRiboLAND

01 – 18 – 2024

Yaounde, Kamewoun______(TRiboLAND) Yon gwo dife ravaje yon pati nan mache Mfoudi a nan Yaounde yèswà vandredi 17 janvye pou rive maten samdi 18 janvye 2025 lan, dapwè sa ki arive jwen TRiboLAND. Enfòmasyon yo fè konnen dife devoran an tap layite avèk anpil ferosite jiskaske li te atake anga nimewo 11 mache a ak plizyè lòt enstalasyon.

Antouka, premye enfòmasyon yo te vle fè kwè byen bonè maten an, se te yon ensandi ki tap paweze nan yon nivo ki te reyèlman ba nan mitan mache Mfoundi a, tou pre yon espas kote yo vann poul. Se konsa, nan kèk ti bout tan aprè, dife a ta pral pwopaje e pran jarèt jiskaske li arive fè yon seri dega materyèl.

Malgre entèvansyon fòs ponpye yo nan Yaounde, dega yo pat kapab metrize ou evalye, daprè konsta preliminè selon yon seri foto kap paweze sou twàl entènèt la. Sepandan, pa genyen moun ki mouri e jiska prezan otorite yo poko fè eta yon bilan ofisyèl.

Share:

Leave a reply