Minis Michel Patrick Boisvert entèpele pou garanti transparans konsènan salè minis ak direktè jeneral otonòm yo

738

06-30-2023

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Ensemble Contre la Corruption (ECC) voye yon lèt tou limen bay minis Michel Patrick Boisvert jounen vandredi 30 jen 2023 a, kote li adrese li pou li garanti transparans nan salè minis ak direktè enstitisyon ki otonòm yo.

Ansanm kont koripsyon (ECC) voye yon lèt bay minis la sou nesesite pou li rann piblik nivo salè yo bay minis, responsab konpayi ak enstitisyon piblik otonòm yo tankou: OAVC, OFATMA, ONA, APN, AAN, ak anpil lòt ankò.

Kidonk, ECC mande minis Boisvert pou l konfime oswa demanti si minis MTPTC a ap resevwa aktyèlman yon salè mansyèl ki estime 10,000.00 US nan men AAN ak 8,000.00 US nan APN. Òganizasyon an vle konnen tou si yo ka divilge nivo egzak konpansasyon mansyèl annafè a.

An Ayiti, to chomaj patikilyèman wo e salè minimòm nan se youn nan sa ki pi ba nan rejyion karayib la. Daprè FAO, prèske mwatye nan popilasyon ayisyen an, oswa anviwon 4.9 milyon abitan, ap viv nan ensekirite alimantè.

Se sou 2 minis PHTK, Boisvert ak Lalau ke ekonomi peyia efondre plis ak kòripsyon e lavi chè.

Comments are closed.