Pou yon revèy konsyans imèn, yon mès ekimenik realize pou etidyan UPGA yo nan Jeremi

1,040

06- 20- 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Yo te plizyè dizènn etidyan nan diferan disiplinn ki fè pati Inivèsite Piblik Grandans lan ki nan lokatite Chato, komin Jeremi an prezans diferan pèsonalite, pèsonaj piblik kou prive te patisipe nan seremoni Ekimenik ke delegasyon prèt anglikann yo òganize aswè madi 20 jen 2023 a.

Selebran prensipal lan, Doktè Chaly Bazora, te mete aksan sou nesesite pou ke sosyete jeremyènn ou grandanlèz lan, fè yon revèy konsyans; konsa, pou yo gade byen ki sa ki rann yo zonbifye, e ki anpeche yo retire chenn ki nan lespri yo e libere nanm yo, dekolonize mantal. Konsa, nap kapab wè ki kantite mal legliz anjeneral mete majorite moun nan sosyete a.

Lidè ekimenik, anglikann lan, Doktè Charly Bazora nan romeli sikonstan lan, mande kominote inivèsitè a pou ranpli wòl li jan sa dwa: nan bay peyi a yon lòt oryantasyon jis pou ede mas pèp lan, dote peyizan yo, yon avni meyè, apati yon nouvèl oryantasyon.

Comments are closed.