Vyòl sou yon tilèzanj katòz zan nan sou komisarya Kafou Bak Jeremi an.

05 – 29 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Renald Nelson se non yon polisye ajan 1 ki afekte nan sou komisarya Kafou – Bak Jeremi an ki jwenn arestasyon li 28 me 2026 lan sou zòd komisè gouvènman pakè Jeremi an mèt, Jean Marie Geachjeen Alexandre. Yo ta akize li kòm moun ki ta fè dap piyanp ak jwèt sisinaj sou yon fiyèt katòz lane anndan komisarya a.
Sa ki pi endinye anpil moun, yon bon samariten ki tap eseye sekirize ti inosan an ke li te jwen nan lari, 30 Avwil 2026 lan; li te oblije remèt li nan aswè nan komisarya pou pwoteksyon ak swivi legal; lwa sangwen Nelson te detèmine pou anflajele ti lèzanj la pandan li te anba men polisye a lanwit lan. Mezerikòd!
Kòdonatè Inityativ kont move tretman ak trafik ti lèzanj, Gérald Guillaume, nan tèt kole ak direktè ofis pwoteksyon sitwayen ak sitwayènn lan, Makendy Pierre te toujou ekzije chèf polis lan Grandans Frantz Saint Armand pou mete kòd nan kou polisye Renald Nelson e mete li disponib pou li al reponn kesyon lajistis selon jan lalwà mande sa; yon desizyon chèf polis Grandans lan pat janmen egzekite.
Pou konnye a, prezime kadejakè a, Renald Nelson ajan polis nasyonal Dayiti ap fè pwizon depi jou kite 28 me 2026 lan. Li ligote deyè kat miray nan gadavi komisarya santwal Jeremi an. Pou anpil moun ki endinye, pi gwo jistis ti fiyèt sila ta dwe jewn ak tout sosyete a, se pou leta ta chatre yon parèy sangwen ki raple popilasyon ayisyèn nan, yon fwasyon nan enstitisyon PNH la, pa diferan parapò ak krim ke gang yo ap komèt nan sosyete a.
Toufwa, akize kadejakè Renald Nelson ki ta sanble yon senbòl lawont pou enstitisyon PNH la, twouve lap reflechi dèyè bawo; li gengen pou defere jou kap 3 jen 2026 lan bay komisè gouvènman an, mèt Jean Marie Geachjeen Alexandre.






