Lapolis nasyonal nan peyi Dayiti, mare kou krab yon jèn gason 22 lane, pou kòz vyòl ak sisinaj nan depatman Lwès peyi a.

871

Samuel Merithone, se non yon jèn gason, ke lapolis nan komin Taba fouke, pou tèt li ta vyole yon ti lèzanj 5 lane.

06-28-2023

Taba, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis nasyonal nan depatman Lwès peyi Dayiti, patikilyèman nan komin Taba, mare kou krab, Samuel Merithone, yon jèn gason 22 lane, pou tèt li ta komèt krim vyòl sisinaj sou yon ti lèzanj 5 lane.

Aprè plizyè prèv kowoborant tankou : egzamen medikal yo, medsen yo ta pral arive dekouvri nivo mechanste gwo koure 22 lane a sou ti inosan an.

Poze’l kesyon pou konnen, èske li rekònèt zak malonèt sa a, ki li komèt sou ti lèzanj lan ? Samuel Merithone, san ezite di: “wi li rekònèt sak fèt la”. Pou anpil moun, malgrè zak la kriminèl; men Samuel pa nenpòt ki kriminèl. Li genyen ti kal konsyans toujou!

Comments are closed.