Antonio Guterres, Sekretè jeneral LONI an ap vizite

1,037

06-28-2023

Sekretè jeneral LONI an, Antonio Guterres konte fè yon visit anndan peyi Dayiti, samdi premye jiyè 2023 a, nan kad kriz kap etrangle peyi Jan Jak Desalenn nan.

Vizit Sekretè jeneral LONI, pou anpil sitwayen ayisyen, se “show business”, “dilatwà”, “moratwà” e  “déjà vu”. Kidonk, pou anpil moun nan popilasyon ayisyèn nan, “yo wè sinema” sa deja! Guterres ap vizite Ayiti ofisyèlman pou yon nyèm fwa, kote ke ensekirite tout kalite pa sispann efondre peyi a, ki te deja anba dominasyon LONI pou plis pase 2 deseni.

Daprè kèk sous medyatik, Guterres konte fè ti bat bouch avèk diferan reprezantan pati politik ak lòt aktè nan sosyete sivil la. Yon parèy rankòt antre nan kad diskisyon sou siyasyon aktyèl peyi Dayiti e detèmine ki pi mèyè fason LONI kapab ede solysyone pwoblèm yo.

Nap raple, pasaj òganizasyon ki rele tèt li LONI a, kite anpil vye souvni nefas nan espwi sitwayen ayisyen yo; move pwatik tankou : vyòl sou jènn fi ayisyèn yo, zak abitrè, kolera ki te voye yon latriye ayisye nan tonbo, pou nou site sa yo sèlman.

Comments are closed.