Lapolis nan vil Pòdpè fè yon lòt kabès ankò lè li deside enskri yon lòt manm gang nan pwogram “Blese Mòtèl la”

942

10-02-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Pòdpè yon lòt fwa ankò respire yon lòt espwa lè yo aprann aswè lendi 2 oktòb 2023 a, yon lòt manm gang aktif ki pote non “Steeve”, enskri nan pwogram “Blese Mòtèl” Nòdwès la, ki reyèlman pa kite bandi sangwen yo pran yon ti souf.

Steeve, ki se manm aktif yon gwoup gang ki pote non “Gèp Nwa”, tonbe mòtèlman nan boukantay kout zam avèk lapolis nan Rue Place d’Armes nan vil Pòdpè, vè 7:30 pm aswè a.

Nap raple nan mwens ke 8 jou, te gentan genyen plizyè nan bandi sangwen ki te kalifye nan pwogram nan.

Comments are closed.