Vakans dete 2025 : Lapolis mete pye l atè pou sekirize popilasyon an.

349
0
Share:
Triboland

Nòdwès, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis nan Nòdwès pa deside pran gòl ak men anba ponyèt bandi sangwen yo ki konprann yo ka pran daso, depatman Nòdwès la pou tèworize popilasyon an.

Konsa, chak maten, chak midi, e chak swa lapolis boukle tout 10 komin depatman Nòdwès la, nan fè fouye, verifye tout machin, motosiklèt k ap rantre e soti nan vil yo. Misyon lapolis pa kanpe sèlman nan vil yo, nan seksyon kominal yo, tout kote ki gen yon aktivite tankou : foutbòl ak fèt chanpèt yo elatriye.

Remak yo montre jou mache nan diferan rejyon nen depatman Nòdwès peyia tankou: Bochan, Lakoma, Kabarè, Janrabel, ak Lakwa Sen Jozèf, lapolis pa sispan fe santi prezans yo, yon fason pou genyen kontròl malfra e toujou pike pikèt li pou sekirize zòn sila yo.

Kidonk, nan kad maryaj lapolis-popilasyon an, direktè depatmantal Polis Nòdwès la, komisè divizyonè ,Clevens Cétoute, ankouraje e menm mande pou popilasyon an pa pè pote plent oswa enfòme lapolis sou nenpòt ki aktivite ou bandi sispèk ki ta vin pran refij nan diferan lokalite.

Selon direksyon depatmantal Polis Nòdwès la, tout aktivite sila yo, pèmèt sitwayen yo, timoun lekòl yo, vakansye, vakansyèz yo jwi yon trankilite piblik ki djanm pandan peryòd vakans dete 2025 lan.

Share:

Leave a reply