Pòdpè: yon gwo dife kreye panik alòske DINEPA pa bay dlo depi konbyen jou

265

10\26\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon gro dife pran nan yon depo nan vil Pòdpè maten dimanch 25 oktòb 2020 an; 3 kay arive  bwile alòske pèt materyèl pou divès komèsan, se men nan machwè.

Ensandi sa ke pèsòn moun pa konnen orijin li te kòmanse ap bay payèt depi vè 11è nan maten, e te vinn kreye yon van panik okoz yon ponp gazolin ki te a kèlke pye espas enfènal la.

Zenyè ak chou toufe alinyen nan Ri Georges Sylvain, se sa ki pat manke, tèlman te gen moun ki tap obsève kèk ti manèv sitwayen bònn volonte tap fè pou arive etèn yon dife a yon vil kote DINEPA pa bay menm 5 minut dlo depi plizyè jou.

Konsa, manèv pou etèn dife a te pèmèt moun ap obsève avèk tristès kèk bon prochen ki   te tante fè kòve nan kouri al pran bokit dlo jis nan lanmè pou fè demagoji ak dife a ki te enkontrolab. Ensandi a arive mete 3 strikti atè plat, pami yo ou jwen yon depo ak yon atelye ebenis trè koni nan vil la ki se propriyetè prive bòs Roland Guerrier.

Menm si vil Kapwa Lamò a te gen ponpye, li tap toujou difisil pou mete dlo nan diven dife a nan yon depatman kote ke yo rekonèt DINEPA ke peyi Espay ap finanse a sèlman sou non men pa nan sèvis.

Comments are closed.