SEN LWI DINÒ ANBA DLO : GWO LAPLI MET KOMIN NAN NAN GWO DEZOLASYON

04/13/2026
SenLwi Dinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Gwo lapli ki tonbe nan nuit 12 pou leve 13 avril 2026 la lakòz yon gwo inondasyon nan komin Sen Lwi Dinò, kote plizyè zòn pase anba dlo. Daprè temwayaj rezidan yo, katye tankou Dèri, Ri Dikè, Gran Ri ak Ti Rivyè se pami espas ki plis afekte yo. Nan kèk kay, dlo a rive jiska wotè kabann yo, sa ki fòse anpil fanmi kite chanm yo pou chèche refij kote ki pi an sekirite. Sitiyasyon sa a montre yon grav kriz ki mande repons rapid.
Plizyè sitwayen sou Gran Ri fè konnen se premye fwa yo wè dlo a monte rive nan nivo pon Magloire, yon siy ki montre fòs avès yo ak kantite dlo ki desann sou vil la. Dlo a anvayi lari yo, bloke sikilasyon, epi mete lavi anpil moun an danje, sitou timoun ak granmoun aje yo. Gen moun ki deja lanse yon SOS bay otorite lokal yo ak pwoteksyon sivil la pou mande asistans prese prese, pandan anpil fanmi ap eseye sove kèk byen enpòtan yo.
Fas ak sitiyasyon sa a, kominote a ap mande yon entèvansyon ijans pou evakyasyon, distribisyon èd imanitè, ak mezi prevansyon kont lòt dega ki ta ka rive si lapli a kontinye tonbe. Popilasyon an rete sou gwo kè sote pandan y ap tann sipò otorite yo pou limite domaj yo epi pwoteje lavi moun yo. Sen Lwi Dinò ap viv yon moman difisil ki mande solidarite tout sektè yo.






