7 jèn gason mouri nan komin Petyonvil

838

03 – 18 – 2024

Petyonvil, Ayiti ___(TRiboLAND) popilasyon nan komin Petyonvil leve jwen maten lendi 18 mas 2024 la, kadav 7 jèn gason anba yon ponp gazolin chaje trou bal sou kò yo.

Selon enfòmasyon moun nan zòn rapòte, se ta nèg sou motosiklèt ki vide bal sou yo, toujou daprè abitan yo, genyen ladan yo ki konn chaje machin anba ponp la, pandan yo deklare genyen divès lòt jèn gason yo jwen ki mouri bò simetyè Petyonvil la egalman.

Nan sans sa a, sitwayènn ak sitwayen yo ki nan plizyè zòn Petyonvil, lanse apèl bay lapolis pou pote yo sekou paske daprè yo bandi fin anvayi zòn nan.

Comments are closed.