Sen-Lwidinò: Maryaj Sosyete Sivil Sen-Lwidinò aa ak lapolis, fasilite ekstansyon Sou-komisarya komin nan

907

Sosyete Sivil Sen-Lwidinò a, nan tèt kole ak reponsab polis yo nan depatman Nòdwès la, angaje pou ajoute yon etaj sou, sou-komisarya Sen-Lwidinò a.

06-28-2023

Sen-Lwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Maryaj sosyete Sivil Sen-Lwidinò a, ansanm ak responsab PNH yo nan depatman Nòdwès la, sou wout poul pote fwi. Pou rann ajan PNH yo konfòtab, sosyete sivil la nan komin Sen-Lwidinò, deside nan tèt kole ak lapolis angaje yo, nan travay pou ajoute yon etaj nan Sou-komisarya komin nan.

Dapwè enfòmasyon nou rive rekeyi bò kote kèk sitwayen kap viv nan Sen-Lwidinò, konstwiksyon sa a, pral genyen yon sal pou ajan polisye yo manje, yon espas pou responsab la, ak lòt espas pou ebèje ajan UDMO yo.

Li enpòtan pou konnen, sosyete sivil Sen-Lwidinò a, deside mete men nan travay la, nan lide non sèlman pou rann polisye yo estab nan rejyon an, men tou, rann espas yap travay la pi konfòtab.

Comments are closed.