Yon avoka-ajan viktim zak britalite anba men ajan UDMO yo nan imigrasyon Pòdpè a.

936

Me. Olguy Martial, se non yon avoka-ajan, ki pase anba woulo konpresè ajan UDMO yo nan imigrasyon Pòdpè a, branch Nòdwès la, jounen jedi 22 jen 2023 a.

06-22-2023

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Bawo Pòdpè a, ki te kanpe rèd kou ke makak, nan bay kowòm ak direktè imigrasyon branch Nòdwès la, Agénor Lucalbert, fas ak tantativ sibtiti komisè Jeir Pierre pou te tande’l nan kad egzèsis travay li, resevwa yon gwo pataswèl jounen jedi 22 jen 2023 a.

Yonn nan avoka-ajan, kap plede fè laviwonn dede nan fè paspò pou moun, san respè pou etik pwofesyon avoka a, Olguy Martial, jwenn ak zo grann li, aprè yon gwo bouch louvri ki te genyen ant li menm ak ajan UDMO yo.

Nan sans sa a, ajan UDMO yo ki prèt pou retire lavi nenpòt ki moun ki ta vin mete lavi djòb imigrasyon yo an difikilte, sasinen avoka-ajan ak kout koko makak epi kondwi li nan komisarya Pòdpè a.

Pou anpil moun, si bawo pòdpè a tap defann imigrasyon branch nòdwès akòz non yo kap trennen nan kòripsyon, zak maspinay ki fèt sou Olguy Martial la, se benefis moun kap chèche enterè pèsonèl yo, pandan yo prè pou sakrifye enterè pèp la.



Comments are closed.