EDEPP òganize yon seyans soutenans aprè midi jedi 22 jen 2023 a.

975

Se sou tèm ”Pledwaye pou moun pa koupe pye bwa, nan komin Chansòm, patikilyèman nan 2è seksyon Chanpay, enpetran, Jacques Saintilma, soutni travay Rechèch li, jounen jedi 22 jen 2023 a.

06-22-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan prezans divès etidyan, vizitè ak manm jiri yo, Lekòl Dwa, Ekonomi Jesyon ak Kontabilite a nan Pòdpè (EDEPP), prezante seyans soutnans etidyan-chèchè Jacques Saintilma, nan lide pou retire grad lisansye li nan seksyon jiridik.


Yon seremoni ki ta pral dewoule nan 2 tan. Kote nan premye entèval tan yo, enpetran an, ta pral fè ekspoze motif mewma li a, san konte seyans deba, kesyon repons lan.


Enpetran an nan sans sa a, ki ta sanble pat kapab konvenk jiri yo nan kad travay Rechèch la, ta pral pwovoke gwo bouch louvri nan sal la e menm akize jiri a, kòm kwa, se antite ki ta sanble sèvi baryè pou bare li.

Pwofesè Jean Gary Sanon ki tap prezide seremoni sa a, nan tèt kole ak rès manb li yo, aprè ekspoze motif sijè enpetran an, ta pral delibere, sa ki lakòz, Jacques Saintilma ta pral rekeyi yon nòt 67 san mansyon, akòz travay la kite chaje ak enkoyerans, plajya san konte yon latriye fot gramatikal.

Comments are closed.