Sen Màk: ajan UDMO pran lari pou pwoteste kont arestasyon ilegal yon frè UDMO ak 3 lòt polisye

02/02/21
Sen Màk______(TRiboLAND) Yon gwoup ajan UDMO pete barye e pran lari jodi madi 2 fevriye 2021 an, pou pwoteste kont arestasyon abitrè nan Ti Gwàv yon kanmarad UDMO ak 3 lòt polisye ki te akonpanye’l pou yo te ran yon nan depatman Nip.
Ajan UDMO yo ki estime ke se revòltan nan fason otorite yo te pwosede ak arestasyon David Zidor ak 3 lòt polisye nan Ti Gwàv; konsa, yo te tanmen yon mach nan vil Sen Màk kote yo te akonpanye yon foul moun nan kàd pote solidarite yo bay Zidor.

Ajan yo estime ke se inosan kap peye pou koupab. Konsa yo mande pèp souvren pote kole avèk yo nan egzije non sèlman liberasyon prese prese polisye yo, e mande tout polisye atravè peyi a leve kanpe yon fason pou pouse do diktatè PHTK a.






