Miragwàn Ensekirite: Yon Maraton lanse pou achte 2 zo reken blende pou komisè Miskaden.

1,288

Theriel Thelus se non yon jounalis vedèt, ki lanse yon Maraton pou achte 2 zo reken bay chèf pakè Miragwàn nan, Jean Ernest Miskaden.

03-22-2023
Miragwàn, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou pwoteje, ede ak ankouraje travay komisè gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin nan batay lap mennen kont gang andedan peyi Dayiti; jounalis Theriel Thelus lanse yon inisyativ pou rive wè nan ki nivo yo kapab achte 2 zo reken yon mannyè pou pwoteje byenfezè a epi rann li travay san enkyetid.

Jounalis la, ki esplike li deja pale ak plizyè moun pou reyalizasyon inityativ sila, sepandan, dapwè kalkil li rive fè, yap bezwen 100$ dola US, nan men anviwon 2,000 ayisyen sa ki pral ba yo, yon valè 200,000 dola vèt.

Theriel Thelus bò kote pal fè konnen, 2 zo reken sila yo, si tout fwa yo rive jwenn kòb la, pral blende nan yon nivo 6, kote yonn pral gen pou sèvi pèsonelman komisè gouvènman an, lòt la pou sèvi pakè a.

Nap raple, Theriel Thelus, se youn pami yon ti ponyen jounalis ki riske mete yon latriye kaka chat deyò, ki pa favorab anfavè yon latriye politichyen, richyen ak malfrachyen anndan peyi Dayiti. “Bravo Theriel, sitwayen angaje ou responsab”, daprè yon oditè ki renmen tande Theriel Thelus nan Pòtoprens.



Comments are closed.