Otorite yo nan biwo agrikilti branch Nòdwès la, prezante evalyasyon dega gwo lapli a, sou depatman Nòdwès la.

837

239,281.000.00G, se chif ki koresponn ak dega gwo inondasyon lapli a, nan depatman Nòdwès.

06-15-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon konferans ak laprès jounen jedi 15 jen 2023 a, direktè depatmantal agrikilti branch Nòdwès la, Agr. Charite Louis nan tèt kole ak Agr. Renel Pierre, prezante bay laprès, yon latriye chif majè sou evalyasyon dega yo nan depatman Nòdwès la, aprè pasaj gwo inondasyon nan dat 2-3 jen ki sot pase a.

Pou Agr. Renel Pierre, kantite lapli ki tonbe sou depatman an, bay men nan machwè e pwovoke gwo dega, nan divès sektè tankou : sektè agrikòl, sektè animal ak sektè vejetal; sa ki lakòz,pèt yo evalye nan, 239.281.000.00 G. Pou Agwonòm nan, 3 komin kifè pati awondisman Molsennikola yo, se komin ki pi fwape.

Plede anfavè bon jan mekanism estriktirèl, pou direktè depatmantal agrikilti Nòdwès la, Agr. Charite Louis, dega kap komèt nan lanati yo pa yon fatalite, men pito, se pare pou nou pare. Evalye bezwen popilasyon an, ak 365.295.500.00 G, pou Agwonòm Charité Louis, dwe gen yon bagay ki fèt prese, prese, yon mannyè pou evite pita pi tris.



Comments are closed.