Ajan dwanye yo nan Pòtoprens, sezi plizyè zam ak katouch nan yon konntenè ayè mèkredi 14 jen 2023 a.

184
0
Share:
TRiboLAND

06-15-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon tweet ki fèt jounen jedi 15 jen 2023 a, ajan dwanye yo nan Pòtoprens, anonse yo sezi anviwon 5 chajè fizi M4,1kwòs glòk,340 katouch kalib 5.56,115 katouch kalib 9mm ak 2 bwat zam, san konte divès lòt lo materyèl, ak yon envidivi ki jwenn arestasyon li.

Enfòmasyon nou resevwa ta fè kwè, zam ak minisyon sa yo, ki tap flannen andedan yon konntenè al kwaze bab pou bab ak ajan dwanye yo ki ta pwal gaye nouvèl la.

Nan moman nap pale a, ajan dwanye yo pako janm fè okenn revelasyon sou orijin zam ak konntenè sa yo, ki te vin ranfòse fenomèn ensekirite a nan peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply