Jean Benito Paulin, youn nan manm komisyon kominal Dam Mari a poze pwoblèm ensekirite a nan kanton an.

1,000

03- 25-2023

Dam Mari, Ayiti___(TRiboLAND) Komin Dam Mari ki genyen 6 seksyon kominal, genyen sèlman mwens ke 5 polisye nan komisarya a, ki genyen pou misyon fè patwouy, ekzekite manda fè envèstigasyon menm lè se apye oubyen sou moto.

Pou majistra Benito, nèg ak zam ki soti Potopwens ki genyen akrentans ak fanm nan Dam Mari ak sitirans kèk peyizan fasilite bandi yo vinn tabli baz yo nan seksyon kominal yo pou simen latwoublay.

Youn nan mwayen pou konbat fenomèn ensekirite, majistra Jean Benito Paulin mande pou peyizan ou abitan yo pa nan konfyolo ak move zangi yo; denonse tout sispèk yo wè ki afiche move konpotman yon fason pou yo menm kòm otorite fè sa lwa mande.



Comments are closed.