Senlwidinò: Plizyè jèn pral benefisye yon prim nan 2èm edisyon chanpyona kiltirèl Jean Marc la.

990

08-08-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan lide pou ede jèn yo jwenn yon mwayen pou konbat ak lamizè epi prepare rantre lekòl la, yon 2èm edisyon chanpyona kiltirèl pral òganize Sou Fò, soti 15 pou rive 26 dawout 2023 a.

Anpil jèn pral devlope talan yo atravè yon parèy anbyans kiltirèl ki pral mete anfaz sou plizyè aktivite tankou : chanpyona foutbòl, konkou dans, chan ak gastwonomi e latriye. Tout aktivite sa yo ap fèt ak timoun apati laj 12 a 23 lane.

Aktivite kiltirèl sa a ki jwenn mwayen finansman Mathieu Jean Marc ak enjenyè Céus. Kidonk, repatisyon prim ap fèt konsa: ganyan chanpyona 15 000 goud, ganyan dans 5000 goud, pou chanson 5000 goud epi pou manje anpil la menm se 200 dola blan meriken.

Responsab yo mande tout aktè yo pa ezite patisipe nan chanpyona a, non sèlman kap ede jèn yo devlope talan yo, men tou ede yo jwenn yon mwayen ekonomik pou fè fas ak sitiyasyon difisil la.

Comments are closed.