Kòkòday chèf gang Ézéchiel Alexandre alyàs “Ze” pran lari pou reklame liberasyon l prese prese

2,349

07-03-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(Triboland) Yo te plizyè santèn moun ki plan lari jodi dimanch 3 jiyè 2022 a pou reklame liberasyon chèf gang Ézéchiel Alexandre alyàs “Ze” ki anba men lapolis depi dimanch 26 jwen 2022 a.

Abiye an mayo blan pou eksprime solidarite ak inosans prezime malfektè a, patisipan yo te genyen pankat ak tout kalite slogan ki eksprime santiman ak panse yo ki tap reklame jistis ak liberasyon chèf gang Baz Pilat la, “Ze”, ke plizyè antite nan popilasyon an ta deklare ke se “sosyàl ke lap fè anndan ghetto yo”.

 Moun te kapab obsève tèm santral manif lan te plis tradwi deklarasyon chèf gang Alexandre te fè nan moman entèwogatwà l avèk lapolis: “Chak moun genyen yon move moman”, daprè sa ki te soti nan bouch konsène a.

Antouka, kontrèman nan lòt peyi, yo te plizyè supòtè yon prezime chèf gang asasen ki te pran lari san kontrent ak menas pou reklame liberasyon Mesye Alexandre ke otorite yo te arete abò yon machin ansanm ak yon ansyen polisye ki rele Junior Claude toupre Plas Jeremi semèn pase.

Comments are closed.