Jenès legliz advantis 3èm seksyon kominal Sen-Lwidinò pran inityativ pwòpte lari Dègranj.

813

03 – 17 – 2024

Sen-Lwidinò, Ayiti__(TRiboLAND) Jèn fanm ak jèn gason ki fòme gwoup la jenès nan legliz Advantis Chekina 3èm seksyon kominal Dègranj nan komin Sen-Lwidinò, voye yon imaj klè, jounen dimanch 17 mas 2024 la, lè yo deside tanmen yon netwayaj nan lari Dègranj.

Anpil sitwayen ki t ap obsève travay plis pase yon dizèn jèn fanm ak jèn gason nan legliz Advantis Chekina ki te okipe lari a ak bale nan men yo, pèl, pikwa ak bourèt poun site sa yo sèlman, pat ezite bat bwavo lakontantman pou gwo inityativ sa a.

Pou jenès legliz Advantis Chekina yo, si tout jèn deside kolabore nan sans pa yo, Ayiti pap peri. Komin yo ak seksyon kominal yo dwe rete vivan, paske se nou tout ki dwe fè peyi a.

Comments are closed.