Bandi sangwen atake e dechèpiye yon bis Pòdpè nan Basen-Ble: yon moun mouri ak plizyè lòt blese

192
0
Share:
TRiboLAND

11\13\20

Podpè_____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak lapwès jounen vandredi 13 novanm 2020 an, komisè gouvènman pòdpè a, Msye Jean Volney Bellamin kondane zak san fwa bandi sangwen ak zam poze nan zòn Joliver, Basen-Ble, sou yon otobis ki t ap sòti pòdpè ki t ap pran direksyon kapital la. Chofè bis Hiace la ki pote non Frisnel mouri sou plas ak divès lòt blese gravman grav anba aktak bandi yo ki devalize tout moun. Pou koulya, divès nan viktim sa yo ap pran swen nan lopital Basen-Ble ak nan Gonayiv.

Pou konbat zak malonèt sa yo, chèf pakè pòdpè a, deja anonse yon operasyon ” bandi pa kanpe”, men tou, yon rankont ijant deja dewoule ak divès enstitisyon tankou : La mèri, delegasyon, afè sosyal ak PNH, kote yo sòti sou divès mezi, pami yo, otobis yo ap gen pou kite vil Pòdpè, swa ki pral Gonayiv, Pòtoprens ak lòt rejyon ankò, nan 5 h – 6 h nan maten.

Antouka, komisè gouvènman an, ki montrel sevè sou desizyon l, mande ak chofè otobis yo respekte règ jwèt la, sinon, y ap tonbe anba sanksyon la lwa e otobis yo ap menm rive konfiske.


Genson HYPPOLITE, gensonhyppolite8@gmail.com

Share:

Leave a reply