Malgre yon seri don an materyèl, otorite minisipal yo resevwa nan vil Jeremi, pwoblèm fatra rete defi majè.

1,195

02 -26-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Sou prezidan Jovenel Moise, vil Jeremi te resevwa sou administrasyon majistra Claude Harry Milord a, yon (don) kamyon konpwesif pou ramase fatra nan “Site Poèt” la..

Tansdike nan kad pwojè jesyon dechè solid ke peyi Japon finanse pou leta Ayisyen atravè ministè Anviwonnman, Meri Jeremi te benefisye yon lo materyèl, ki genyen ladan’l yon bakolodè ak 2 kamyon.

Konsta ke popilasyon an nan Jeremi fè remake nan mikro TRiboLAND, sèke majistra Claude Harry Milord ki genyen anviwon 7 lane nan tèt komin Jeremi pa ka menm pwopte vil la yon fwa pa ane. Yon antite nan sèvis piblik la ke popilasyon an kalifye “nil” ou byen “voryen ensinifyan” kòm majistra ki pase nan tèt Meri Jeremi a.

Youn pami yon seri revandikasyon majorite a mande Ariel Henry: se debarase vil Jeremi de koli ankonbwan ki nan ak 2 lòt okolit li yo ki ta sanble pa metrize paramèt ou ABC an jesyon sèvis piblik yo.



Comments are closed.