Grandans : Direktè jeneral konsèy elektoral pwovizwa a, nan kad evalyasyon twavay yo, rankontre divès otorite.

Jeremi- Ayiti (TRiboLAND) Pou evalye, fè miz anplas, ak pou òganize referandòm ak eleksyo yo nan Grandans, direktè jeneral konsèy elektoral pwovizwa a, Phillipe Augustin, nan kad yon seri chita pale, komanse ak komisè gouvenman an mèt Jean Mary Getcheens Alexandre ak direktè depatmanrtal polis Grandans lan, Frantz Saint Armand.
Chita pale sa yo, daprè direkte jeneral lan, baze sou aspè sekirite pou dewoulman posesis referandòm lan, atravé katòz komin depatman Grandans lan. Direktè jeneral la, Phillipe Augustin fè konnen misyon ven jou sa a, ap pèmèt KEP la fè tout miz anplas yo pou reysit referandòm lan ak bonjan elksyon lib, onèt ak demokratik.






