Tout preparasyon deja fèt pou dewoulman egzamen bak pèmanan pou ane akademik 2022-2023 yo nan Nòdès

1,055

02-12-2023

Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon nòt Enspeksyon Anseyan nan Fòlibète mete deyò, yo anonse tout dispozisyon deja pran pou dewoulman egzamen bak pèmanan pou ane 2022-2023 yo .

Konsa, Enspeksyon Depatmantal la, fè konnen yo deja kòmanse distribye fich bay divès elèv kap gen pou al patisipe nan eprèv sila. Kidonk, jounen samdi 11 ak dimanch 12 fevriye a, yo kontinye ap fè distribisyon yo nan menm lokal la BDS la.

Li enpòtan pou sinyale, egzamen espesyal sa a ap òganize nan distri Fòlibète ak Wananment.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com



Comments are closed.