PNH arestasyon : Oberto Louis minote ragagann kòm fo polisye

302
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis arive mete men sou Oberto Louis kòm fo polisye krizokal kap sikile ak fo badge pou komèt aksyon kriminèl nan non enstitisyon lapolis la. Poulen atoufè a jwenn arestasyon li, yè madi 30 septanm 2025 lan, nan Delma 75.

Anpil fwa, Louis toujou prezante tèt li kòm polisye nan yon seri sèvis piblik e menm arive twonpe vijilans vrè kò polis la nan kad check point nan lari. Fòs lòd yo arive poze lapat sou Oberto nan moman li tap fè swivi pou yon zanmi li ki te pran kontravansyon. Se atravè fo badge idantifikasyon li ke yo te detekte ke kriminèl la te yon fo polisye.

Entèwoje e fouye sou sa ki genyen avèk itilizasyon fo badge la, Oberto te pri nan tolalito, e li pat anmezi founi plis detay ke tou senpleman yon badge ke yon moun te fasilite li nan moman li tap regle yon dosye matrikil fiskal pou anwòlman nan lapolis.

Share:

Leave a reply