Lapli kap tribiche depatman Nòdwès la, pwovoke yon vag kolera nan komin Bèdeyèn.

1,154

22 moun deja ap kòde ak maladi dyare, 2 moun mouri tèt nèg, se bilan yon flanbe kolera kap taye banda nan komin Bèdeyèn pandan plis pase 2 semèn.

06-06-2023

Bèdeyèn, Ayiti____(TRiboLAND) Pou pipiti 22 moun ap soufri ak maladi dyare, 2 lòt moun fè vwèl pou peyi san chapo, se bilan gwo vag kolera kap taye banda nan komin Bèdeyèn, patikilyèman nan lokalite “Ti Rivyè”, aprè gwo lapli ki tap tonbe sou tout peyi a.

Ajan egzekitif enterimè,Tertius Joseph, ki tap pale nan mikro laprès fè konnen, peyizan yo nan moman sa, ap konnen lavi difisil akòz gwo difikilte ki genyen pou jwenn ti moso laswenyay.

Pou ajan egzekitif enterimè a, pa gen yon sant sante ki prè peyizan yo. Peyizan yo oblije kouri plizyè kilomèt wout, pou al Molsennikola oubyen kandale desann jous Mawouj pou al boske ti moso laswenyay.

Plede anfavè yon èd ijans bò kote premye Minis prezidan an, Ariel Henri, ajan egzekitif enterimè a fè konnen, abitan yo bouke monte, desann mòn pou boske ti moso swen.

Lasante dwe yon priyorite pou tout moun, paske se yon dwa konstitisyon an konsakre pou chak grenn sitwayen ayisyen, dwe genyen yon entèvansyon prese, prese pou sove komin nan.

Comments are closed.