Platfòm politik pitit Desalin anonse yon jounen manifestasyon lendi 17 oktòb la nan vil Wanament pou di aba lavichè ak ensekirite ak pou Ariel kite pouvwa a.

1,172

10-15-2022

Wanament, Ayiti__(TRIboLAND) Nan kad yon konferans pou laprès Mouvman Jèn Platfòm Pitit Desalin lan bay nan Wanament, li fè konnen yap genyen poufoule beton an yon lòt fwa nan vil la pou mande Ariel Henry bay talon l nan tèt Leta a.

Mouvman Jèn Platfòm Pitit Desalin nan deklare ke jounen mobilizasyon sila pral genyen anpil nannan ladan’l e li genyen inik objektif se: “Mande Ariel Henry ki te pouvwa”. Manifestasyon sila kap gen pou pase nan divès ri nan vil la tankou soti Baz Boulos, pou rantre gran Ri Espanyòl la, Ri Guy Malari JBA otèl, Kalvè, Ri Ekleraj, Ri Simityè, Ri Scott, ladwan pou al kandale desan e fini nan plas piblik la.

Nap raple gen divès manifestasyon ki te deja anonse nan vil la, sepandan genyen nan yo ki pa janm reyisi; e dènye manif ki te fèt 16 septanm nan, te fini an ke pwason ant manifestan yo ak lapolis nasyonal Dayiti .

Jn Simon Manex

Comments are closed.