Djak sou djak: Grandans kilbite anba aktivite gwoudou gwoudou, alòske resous pote sekou yo preske pa egziste

1,112

Sitiyasyon enkontwolab ou resous limite nan lopital Sen Antwànn nan Jeremi kèk ti tan aprè aktivite latè tranble yo, maten madi 6 jwen 2023 a nan Grandans peyi a.

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Paran ak ti lèzanj ki blese, jwenn anpil difikilte pou resevwa jwenn moso swenyaj fas akoz mwayen lojistik ou priz an chaj yo ki poko kapab mòde. Bilan pasyèl yo ta sanble yo toujou nan pasaj, sepandan, yon sou TRiboLAND kapab fè konfyans ta fè eta 3 mò nan pi gwo bidonvil Jeremi an, Mon Fò, Sen Elènn. Li ale pi lwen pou konfime ta genyen plizyè dizèn blese kap fè fas kare ak yon sèvis dijans malmakak ki sèlman genyen yon òtopedik peyi Kiba (koperasyon) ki deja genyen tròp pou li.

Doktè ou espesyalis nan lopital Sen Antwànn pou defere sèvis yo tankou pedyat, anestyoloji, jinekoloji e latriye, pa egziste. Nan sans sa, lopital la nan nesesite lòt espesyalis ki kapab bay kout men. Kidonk, yon bon kantite moun oblije ap pran asistans kosmetik nan lakou lopital la. Genyen nan yo ki genyen gro ka ki depase pèsonèl lopital la, yo oblije defere yo lòt kote (Pòtoprens ou Okay) ki pi byen ekipe estriktirèlman.

Nap raple, pou koz politik, anpil doktè pa rete nan lopital Sen Antwànn. Genyen nan yo ki prefere al bay sèvis nan prive oubyen deplase pou sangwen politichyen kapab plase moun pa yo nan bwàt enstitisyon medikal la.

Anfen, se ankò yon lòt mizè rere pou popilasyon Grandans lan ki te deja ap pran lanm pandan plizyè jou inodasyon.

Comments are closed.