Plizyè wout nan depatman Nòdès an boulatcha ma swife depi plizyè deseni

868

02 27 – 2024

Valyè, Ayiti____(TRiboLAND) Sa genyen plizyè deseni depi twonson wout ki relye Valyè – Lakil Samdi ak Valyè – Monben Kwochi nan yon eta deplorab ou lamantab ki chak jou mete andanje vi popilasyon yo ki deja vilnerab.

Se yon veritab sitiyasyon entenab; difikilte machinn ak moto pran, pa genyen bouch pou pale anba boul je otorite yo. Mizèrere yo plis chita an patikilye sou twonson wout Valyè-Monben an ki jwe yon gwo wòl nan depatman Nòdès la. Se li menm ki pi kout pou antre Ench ak Pòtopwens e mwen danjere.

Konsa, popilasyon valyèz la, ap mande Direktris TPTC a nan Nòdès peyi a, pou bay chofè ak popilasyon yo, yon ti soulajman nan kad yon entèvansyon nan twonson wout Valyè – Akil Samdi – Monben Kwochi ki an boulatcha ma swife depi yon latriye deseni. Kidonk, wout se lavi, pa kapab genyen bwasaj ekonomik ak entèkoneksyon san wout!

Comments are closed.