Gro lapli kap tonbe depi kèk jou bay anviwonnman anpil lawouli nan vil Jeremi.

1,171

05-25- 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Gro lapli kap tonbe san rete nan vil Jeremi mete plizyè lokalite an boulatcha. Sikile nan yon zòn pou ale nan yon lòt zònn bay tèt fè mal ak anpil lawouli. Pou kèk katye, li fòmèlman enposib; alòske ke responsab yo pat sispann klewonnen ke genyen fon ki dekese pou antreprann yon seri travay reyabilitasyon.

Sepandan, pou anpil sitwayèn ak sitwayen, se yon seri pwomès “pistach fo” ki te san nannan. Anpil obsèvatè fè referans ak wout Karakoli ke direksyon depatmantal minister travo piblik dekese 26 milyon goud pou reyabilitasyon li, and marinad, anyen pa reyalize san oken eksplikasyon!

Fas ak tout deriv ak kòt maltaye sa yo, anpil sitwayèn ak sitwayen mande ULCC yon kout men yon fason pou louvri yon ankèt non sèlman sou tras 26 milyon goud sila, men 103 milyon goud ke direksyon depatmantal ministè travo piblik dekese a, disparèt tankou kout eklè san anyen pa reyalize.

Comments are closed.