Nouvo komisè gouvènman pakè Pòtoprens lan pral tande tout moun ki te dòmi nan pakè a, jou yo te kase l la.

841

Tout moun ki te dòmi nan pakè Pòtoprens, nan dat 23 pou rive 24 me pase a, pral reponn kesyon Lajistis, se deklarasyon ouvèt nouvo komisè gouvènman an, Mèt Edler Guillaume.

06-06-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon li rann piblik nan Pòtoprens, nouvo komisè gouvènman pakè Pòtoprens lan, Mèt Edler Guillaume, fè konnen li gentan bay direksyon santral pouvwa jidisyè travay sou zak zenglendinay ki te pase nan pakè a,nan dat 23 pou rive 24 me ki sot pase a; kote ke endividi pesòn pat rive idantifye te pote ale plizyè kò deli ak dokiman enpòtan.

Pou fè limyè sou zak sila, nouvo komisè a anonse, tout moun kite dòmi nan paraj pakè a, pral parèt devan Lajistis, semen sa a menm.

Nouvo komisè gouvènman an, ki ta sanble vin mete lòd nan dezòd, fè konnen, annatandan yo vini ak metòd “Tchèk” la, tout anplwayè yo dwe pran responsabilite yo.

“Se pou koze kase pakè sa a, sispann nan jiridiksyon map dirije a”, se deklarasyon nouvo komisè gouvènman an, Mèt Edler Guillaume, ki vle montre li pa vin jwe ak sangwen nan Pòtoprens.



Comments are closed.