Nòdwès / Politik : Kòdinasyon MOLHA apiye tout mouvman kap fèt kont gouvènman Ariel la nan depatman Nòdwès la

1,394

09-18-2022

Nòdwès, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon nòt kòdinasyon Nasyonal Mouvman pou Liberasyon Peyi Dayiti (MOLHA) mete deyò, yo konstate ak anpil kè kase dènye mouvman leve kanpe ke popilasyon an oblije fè, ak regrèt ke otorite yo pa janm montre yo gen ase dimansyon pou rezoud kokenn chenn pwoblèm ke peyia ap fè fas.

Lavi chè ap bwase bil popilasyon an depi yon bon bout tan, ensekirite a kap vale teren chak jou ki jou, abi ayisyen ap sibi nan resevwa lajan ak to yo vle achte-l, se yon ansanm pwoblèm pèp ayisyen an tap fè fas ak yo. Dènye kou ki vin touye koukout la, se gaz la Leta Ayisyen moute, pou mete apse sou klou. Kòdinasyon MOLHA ap raple tout moun, nan peyi kote Leta oze monte gaz la, yo bay : lojman sosyal, edikasyon gratis, swen sante gratis, elatriye. Kontrèman ak peyi nou, kote dirijan yo pa janm panse ak sila yo ki pi ba.

Nan sans sa, kòdinasyon MOLHA apiye tout mouvman popilè nan depatman Nòdwès la, ki vize fè otorite yo retounen sou desizyon malatchong ak gwo ponyèt ki gen pou wè ak monte gaz la disèt wotè sou mache nasyonal la. Kòdinasyon MOLHA mande tout popilasyon an, pa janm bese flanbo mobilizasyon an, jiskaske dirijan ensansib yo konprann nesesite pou pran an kont revandikasyon mas pèp la. “Depi wap dirije ou pa ka reponn ak revandikasyon popilasyon-w, ou otomatikman pèdi dwa konvokasyon-w sou li”.

Kòdinasyon MOLHA pwofite moman an pou denonse mezi diskriminatwa ki fèt kont depatman Nòdwès la, lè otorite deside hijack bato Pòdpè yo. Nou tap konprann mezi sa, si deja nou te konn sezi bato ki te konn pote zam Senmak, Miragwàn, Pòtoprens ak lòt kote. Dayè Lajistis pa repwoche mèt bato yo anyen, nou konprann klèman ke desizyon sa gen pou wè ak Nòdwès ke Leta peyia toujou deside trete konsa.

Kòdinasyon MOLHA fini pou di: pandan nap mande Leta pou konprann dimansyon kriz la kap agrave chak jou ki jou, nou envite yo konprann ke Nòdwès dwe gade menm dimansyon ak tout lòt rejyon nan peyia. Nou mande pèp la pou-l pa moli, moun kap batay pa janm pèdi batay.

Nòdwès pa pitimi san gadò. Ann fè yon sèl leve kanpe pou-n rezoud tout pwoblèm yo, daprè Kòdonatè Nasyonal MOLHA a, Doktè Evallière Beauplan ki tap depoze atravè yon nòt pou laprès.


Comments are closed.