Otobis Dye ki Desid ki tap soti Jeremi pou antre Pòtopwens, chavire bò lokalite Bwalo, komin Kavayon

962

03 – 17- 2024

Jeremi Ayiti____(TRiboLAND) Bien bonè maten dimanch 17 mas, nan lè senk kè nan maten, yon otobis konpayi Dye Ki Desid, ki tap soti nan Jeremi ak yon latriye pasajè pou antre Pòtopwens, fè aksidan sou wout nasyonal nimero 7 lan, nan komin Kavayon, lokalite Bwalo.

Bilan pasyel la, twa moun mouri sou plas, pami yo yon tibebe, ak yon ventèn lòt ki blese grav. Anpil nan yo, ap pran swen nan lopital Okay la. Anpil nan pasajè sa yo ki te abò a, se moun Dam Mari, Anzdèno ak Lèziwa, kote ke dlo pa kapab seche nan je fanmiy sila yo.

Nap fè remake lapolis nan Jeremi, Grandans depi kèk tan, pa okipe de sevis enspeksyon machinn yo kap asire transpò an kòmen atravè depatman Grandans lan.

Comments are closed.