Jounen Mondyal anviwònman, Ayiti bezwen yon plan ijans pou korije dega yo.

1,081

Se sou tèm “Solisyon ak Polisyon Plastik” monn lan selebre jounen lendi 05 jwen 2023 a, jounen Mondyal Anviwònman an.

06-05-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi kèk tan, monn lan pa janm sispann fè gwo fas kare ak divès gwo fenomèn tankou: debwazman, deforestasyon, rechofman klimatik, polisyon tèrès, poun site sa yo sèlman, yo tout pa sispann sakaje yon latriye peyi tankou Ayiti.

Lakay nou nan peyi Dayiti, bagay yo konplike. Lamizè, povrete ak absans yon politik anviwònmantal, lakòz tout kouvèti vejetal peyi a disparèt. Sa ki lakòz lè lapli tonbe, fenomèn ewozyon an vin sèl kòk chante.

Nan zafè enpòtasyon plastik la menm, peyi Dayiti chanpyon. Yon fenomèn ki vin favorize, enfètilite sòl yo, epi lage peyizan yo nan kouri. Yo plante, yo pa rekòlte, yo souvan di kontra latè fini. Poutan, se pwòp konsekans movèz pwatik yo, ki tounen kont yo.

Dapwè yon fich ki te rann ofisyèl, genyen anviwon 500 milyon tòn matyè plastik yo itilize nan monn lan. Genyen sèlman 12% ki resikle nan yo gras ak jefò kèk peyi devlope tankou Etazini, Kanada, Frans elatriye.

Kisa ki rezève pou yon peyi pòv tankou Ayiti, kote enpòtasyon an ap fèt masivman? Ki sa ki ta dwe fèt pou korije fenomèn nan?

Pou anpil pansè, objektif devlopman dirab gouvènman peyi Dayiti yo ap pwone a, pap posib ak latriye fenomèn sa yo. Dwe gen jefò ki fèt pou konbat seri fenomèn sa yo tankou koupe pye bwa, paske pita ka pi tris!

Comments are closed.