Plizyè abòne nan depatman Nòdwès la, ap bougonnen kont sèvis malatchong konpayi entènèt ki pote non “Access Haïti” a.

1,020

07-23-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Plizyè enstitisyon nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan vil Pòdpè tankou : medya tradisyonèl yo ak medya anliyn yo, biwo echanj, poun site sa yo sèlman, pa sispann bougonnen kont vye sèvis malatchong konpayi ki pote non “Access Haïti” a ap founi, depi kèlke mwa nan depatman an.

Sè ka pou Gab’Art Sports Live, ke responsab founisè entènèt Access Haïti yo ap vire kou topi pandan anviwon yon mwa; ki nan gran difikilte entènèt pou prezante emisyon li an ki se “Gab’Art sports Live” ki genyen yon ekout enpekab.

Nan kouri pou lapli ta sanble, kliyan entènèt yo al tonbe nan larivyè. Sa pa genyen anviwon 5 mwa ke Radyo télé Arnold FM, ta pral dezabòne ak konpayi entènèt sila akòz nati sèvis la ki se malatchong ou grenn senk nan Nòdwès peyi a.

Comments are closed.