Lapolis nasyonal nan komin Senlwidinò mete anba kòd yon gwo koure ki fè pati gwoup gang Kokorat San Ras.

978


04 – 24 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Lapolis nasyonal nan komin Senlwidinò mare kou krab Bèri alyas Bòs Kap tchil, devan simetyè Senlwidinò a.

Bèri kite gen avi rechèch trennen pote vini, pou plizyè kòz tankou brakaj, fouye moun, volè valiz ak touye moun, tap pran plizil nan baz gang Kokorat San Ras, Lakwa Peris nan Tibwadòm, ta sanble tap vizite vil la. konsa, annafè a, rive jwenn arestasyon san difikilte.

Bèri te toujou santi li konfòtab pou antre sòti nan komin san grate tè. Sepandan, fwa sa li jwenn ak zo grann li nan moman  ajan polisye yo tap fè sikilasyon.

Pou koulya chèf gang Kokoras San Ras la nan baz ki plase pou okipe zafè gang nan depatman Nòdwès la.

Comments are closed.