Ba Nòdwès: Epidemi Gratèl, Gal, Enfeksyon Lakay Medàm yo ap fè raj

0 479

Janrabèl___(TRiboLAND) Gratèl, gal, enfeksyon vajinal, se sa kap taye banda nan zònn Ba Nòdwès yo, espesyalman nan kominn Janrabèl depi plis pase yon lane. Malgre apèl dijans ki lanse bò kote pèsonèl Lasante yo nan peyi Dayiti pou rive dekouvri kòz maladi sila a nan rejyon an atravè kèk espesyalis nan domèn nan, answit pou ta rive fwennen l, nad marinad.

Paulene Jean Gilles, yon enfimyè diplome e kap bay koutmen nan yon Sant Sante nan kominn Janrabèl ke TRIBoLAND te rive kesyone sou epidemi gratèl saa k ap fè ravaj nan kominn Ba Nòdwès yo ( Mòlsennikola , Janrabèl, Bonbadoplis ak Bèdeèn), fè konnen se dlo yo popilasyon an ap itilise yo ki pa nan kondisyon ijyenik e ki lakoz vag epidemi gratèl sa a ki pa epanye ni Granmoun e ni timoun.

Enfimyè Paulene Jean Gilles


Mis Paulene Jean Gilles kontinye pou l di nan lane 2019, li te Òganize Klinik Mobil nan kominn yo ak seksyon kominal yo , nan kad maladi silaa, yon mannyè pou rive atire atansyon Ministè Sante Piblik sou fason epidemi gratèl sa a ap vale teren nan rejyon Ba Nòdwès yo, ta sanble se pa sijè sa a ki ta enterese Ministè a.

Mis Paulene Jean Gilles ki pa janm dekouraje e ki swete wè epidemi gratèl sa ki achte ba rejyon Ba Nòdwès derasinen, fè konnen gen 2 òganizasyon nan kominn Janrabèl ki se Janrabèl Pèspektiv 2030 ansanm ak SOSPEALS An Aksyon e kap travay nan domèn Lasante sou 4 rejyon Ba Nòdwès yo (Janrabèl, Mòlsennikola , Bonbadoplis ak Bèdeèn), prevwa òganize nan dat 4 Fevwiye pou rive 11 Fevwiye 2020 yon seri aktivite sante atravè Klinik Mobil nan okazyon Jounen Entènasyonal Sante.

Konsa, Madam Jean Gilles envite tout enstans nan Leta a ak ONG kap feraye nan domèn Lasante pou pote kole nan fason yo kapab, yon mannyè pou rive dechouke epidemi gratèl saa kap vale teren nan rejyon Nòdwès yo, notàmman nan kominn Janrabel.

Saint Jean Wiskis / TRiboLAND .

Leave A Reply