Jounen entènasyonal fanm saj yo, bay nesans a yon nouvo pwojè “Fanm saj” nan Nòdwès

430

J05/05/2021

Pòdpè____(TRiboLAND) Se sou tèm “envesti nan fanm saj yo” ministè sante piblik ak popilasyon, branch nòdwès ak patnèl yo rive selebre ane saa, “Jounen entènasyonal fanm-saj yo” e rive lanse an menm tan tou, pwojè fanm saj yo nan depatman nòdwès la jounen mèkredi 5 me 2021 an.

Aktivite saa te dewoule nan prezans divès otorite lokal, nasyonal ak entènasyonal tankou: direktè depatmantal sante piblik la, mesye Tony Monestime, direktè jeneral sante piblik la doktè Loré Adrien, reprezantan Fon Nasyon Tèt Kole yo, mesye Yves Sassenrath, prezidant “Asosyasyon Fanm Saj yo” nan peyi dayiti ki se madam Doriné Marie Jasainte ak responsab sante repwodiksyon an nan nòdwès Carline Léandre.

Konsa, yon aktivite ki vize sible elèv kap kite NSIV yo; regwoupe yon latriye elèv nan diferan kolèj nan vil pòdpè nan lide pou montre yo enpòtans pwofesyon fanm saj la genyen nan yon peyi tankou ayiti, kote 1500 manman ap pèdi lavi yo chak ane nan peryòd akouchman.


Objektif pwojè saa, non sèlman se vize ranfòse pwofesyon pratik saj fanm yo nan peyi dayiti men tou pwomouvwa dwa fanm ak fi yo pandan ke yap amelyore bon Jan kalite sèvis sante pou manman yo,yon mannyè pou diminye to mòtalite matènèl la ak ti bebe yo nan peyi dayiti.

Pou direktè jeneral la, mesye Loré Adrien, pwojè saa vize rekrite 40 aprenan chak ane kote 20 nan yo ap gen chans sòti nan depatman nòdwès la. Etidyan sa yo pral gen pou rann yo nan depatman nò peyi a, pou al pran fòmasyon sila nan komin Limonad, swa nan peryòd 3-4 lane san yo pat gen pou peye sen kòb.

Antouka, poze kesyon pou konnen, kilè ki jou rekritman an ap kòmanse? Pèsonn pako gen yon dat fiks pou sa.

Hyppolite Genson



Comments are closed.