Fèt Chapèl Transfigirasyon Senyè a, fete an gran panpan ane sila..

08-06-2023
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Chapèl Transfigirasyon Senyè a, selebre 4 lane fondasyon chapèl la, jounen dimanch 06 dawou 2023 a, nan lokalite Zabriko 4èm seksyon Rivyèba. Yon seremoni ki te dewoule nan prezans kòdonatè kazèk 4èm seksyon an, mèt Anold Gustave ak AZEK yo nan seksyon an.
Reveran pè Jonas Gué nan predikasyon li, mande fidèl katolik yo kap fete Jezikri ki te trasfigire sou mòn nan, pou yon chanje lavi yo, pou Bondye kapab pran plezi nan lavi yo ak tout sa yap fè. Yon lòtbò, li mande yo aji nan renmen, lacharite ak senplisite pou etabli renn lafwa, lajistis ak lapè nan peyi a. Kite tout sa ki kapab antrave nou pou nou pèdi sali nou nan Jezikris.

Fidèl katolik yo ki te soti tout kote nan komin nan, te montre satisfaksyon yo pou chapèl sa kap evanjelize pitit Bondye yo. Renmen, lafwa, lacharite, lapè,se vèti teyologal ki kapab chanje lavi yon kretyen.






