Pwezidan komite nòmalizasyon Fédération Haitienne de Football la, Jacques Lethang bay demisyon l

536

07/02/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon lèt ke li adrese bay sekretè jeneral Fédération Internationale de Football Association (FIFA), Jacques Lethang, pwezidan komite nòmalizasyon Fédération Haitienne de Football la, bay demisyon l.

Nan lèt sa, Mesye Lethang evoke plizyè pwoblèm metodik ak resous ki anpetre sou abilite li pou rele chalbarik dèyè antite kap fè sabotaj ak vye jwèt rakèt pike kole ki pa sispan ap pran jarèt anndan strikti foutbàl la. Jacques deklare ke misyon li se te patisipe nan yon veritab konbit pou remanbwe refondasyon foutbòl ayisyen an; li remake ke li pa genyen ase pouvwa ak resous ki kapab fasilite yon parèy misyon.

Kidonk, Jacques Lethang di FIFA ke li kraze yon “kite sa” alatèt yon komite nòmalizasyon, kote ke li estime ke li pa genyen ni pouvwa, ni resous pou ranpli misyon li jan sa dwe ye.

Comments are closed.