Anviwon 288 moun pèdi lavi yo, 900 lòt blese gravman grav, se bilan kolizyon 3 Tren nan Peyi End.

1,149

Kolizyon 3 tren lakòz gwo dega nan peyi End, patikilyèman nan Eta Odisha, nan dat 03 jwen 2023 a.

06-05-2023

Odisha, End_____(TRiboLAND) Ensidans sou wout tren yo ap rapouswiv. Pou pipiti 288 moun mouri, 900 lòt blese gravman grav, se bilan kolizyon 3 tren elektrik, nan peyi End patikilyèman tou prè Balasore nan Eta Odisha.

Dapwè premye eleman enfòmasyon ki rive jwenn nou, nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, gwo teknisyen yo ta fè konprann, se yon defayans ki ta sanble genyen nan sistèm sinyalizasyon elektrik la, ki ta lakòz tout moun sa yo pèdi lavi yo.

Nan sans sa a, minis chemen fè a, “Ashwini Vaishnaw”, ki te prezan devan ekran laprès fè konnen, yo deja idantifye moun ki lotè gwo zak sila, e nan jou kap vini la yo pral genyen rèl kay makorèl.

Comments are closed.