Nòdwès/inondasyon : Gwo lapli ki tonbe sou depatman Nòdwès la lakòz gwo dega ak inondasyon nan plizyè komin.

1,460

05-29-2023


Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Gwo lapli kap paweze sou depatman Nòdwès la, fòse popilasyon an ap mande “bon najè” aprè midi lendi 29 me 2023 a, e lakòz gwo dega ak inondasyon nan plizyè vil nan depatman Nòdwès la.

Pami komin ki inonde yo, nou kapab site komin Chansòlm, Basen-Ble, Komin Pòdpè poun site sa yo sèlman. Enfòmasyon ki rive jwenn ta fè kwè, genyen anviwon 2 moun ki pèdi lavi yo, swa nan vil Pòdpè ak komin Chansòlm san konte yon latriye kay kap naje nan anba labou.

Nan sa ki gen pou wè ak zòn lòt bò Pon, Dè Letan, Lakoup, zòn Wonpwen, Bò Monfò, ak divès lòt kominote nan site Kapwa Lamò a, popilasyon an se bwas lap fè poul sòti anba labou ak dlo ki anvayi yo ra gagann.

Nan moman nap pale a, pwoteksyon sivil poko anmezi pou fè sòti yon bilan definitif dega yo ki ta sanble bay gro men nan machwè. Kidonk, chay soti sou tèt, tonbe sou zepòl! Nòdwès te deja ap pran gro lanm ak sekous mizè deja; ajoute ak dènye aktivite dlo desann yo, lage tout moun men nan machwè ak mizèrere.

Comments are closed.