Moun Ans-wouj ap monte yon maswife akòz gwo pwoblèm sechrès kap taye banda.

931

Lapli ki pa tonbe nan komin Ans-wouj, lakòz plizyè jaden ak tèt bèt deja disparèt.

04-16-2023
Ans-wouj, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad patisipasyon ansyen majistra komin Answouj la, Dady Alexis, nan emisyon “Tribinal Pèp la”, jounen vandredi 14 avril 2023 a, li fè konnen, sa fè plizyè lane depi abitan kap viv nan komin Ans-wouj ak zòn ki antourel yo ap konnen lavi difisil akòz lapli ki pa tonbe.

Dady Alexis

Ansyen majistra a ki tap pale fè konnen, nan moman cho a, popilasyon an fin about. Sous dlo yo fin seche, anpil zannimo deja pèdi lavi yo, san konte ti pye jaden peyizan yo ki fin deperi.

Yon fenomèn ki depase otorite lokal yo. Gwoup sitwayen angaje kap viv nan komin Ans-wouj, nan tèt kole ak ansyen majistra a, lanse yon SOS pou gouvènman defakto Ariel Henry a, yon mannyè pou founi je gade abitan yo nan komin sila ki prèske disparèt.

Nap raple, konsekans koupe pye bwa pou fè chabon san rebwazman pou voye vann lavil, se kapab pi gwo faktè ki kapab disparèt yon lokalite ki pa valorize anviwonnman li.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.