Gwo lapli ak van kap soufle sou depatman Nòdwès la mete bouch pa gou nankomin Senlwidinò

349
0
Share:
TRiboLAND

02/26/2026

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Gwo lapli ak van kap soufle sou depatman Nòdwès la, soti lendi swa pou rive mèkredi 26 fevriye 2026 la, koze anpil dega nan komin Senlwidinò.

Rivyèdèba ak dlo ki soti nan basen vèsan yo kreye gwo dega nan plizyè zòn nan komin nan, sitou pou moun kap viv nan site Siyon, kote prèske tout kay inonde anba gwo dlo ak ranblè, gen moun ki mèn pèdi tout ti bataklan sa yo te posede.

Popilasyon an ap mande otorite yo nan peyi Dayiti pou fè yon jan pou yo ede yo jwenn yon solisyon ak dlo Rivyèba ki se yon malèpandye sou tèt popilasyon an depi dig dantan.

Share:

Leave a reply