2 endividi arete, 2 zam kalib 9 mm sezi, ak yon zam manch long, se bilan yon operasyon PNH nan Nòdwès.

1,097

Direksyon depatmantal Polis Nasyonal nan Nòdwès, prezante bay la Près, jounen jedi 22 desanm 2022 a, Augustin Carlos ak Merisier Abner, pou trafik zam manch long, pami yo yon zam PNH, aprè yo te fin tanmen yon operasyon.

12/22/22

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Swit ak yon enfòmasyon kite rive jwenn direksyon depatmantal PNH branch Nòdwès la, direktè depatmantal la, ta pral depeche, SDPJ, SMPJ, ak Komisarya Pòdpè, kote yon operasyon tout swit ta pral tanmen epi kondwi ak arestasyon yon envidivi ki pote non, Augustin Carlos, ki abite nan zòn Dèyè Shell Nasyonal, pou trafik zam manch long ilegal.

Nan moman gwo kout filè sa a, yonn nan Jij de Pè tribinal Pòdpè a, Me. Dumagène Maxime, nan tèt kole ak lapolis rive arete 2 endividi pami yo: Augustin Carlos. Yo sezi 2 zam kalbi 9mm, yon zam manch long, san konte yon zam PNH ke yo arive rekipere.

Nan moman odisyon Augustin Carlos, li fè konnen se Merisier Abner, alyas “Dja” kite vann li zam PNH la. Swit ak kolaborasyon Augustin Carlos, lapolis nan Nòdwès ta pral pwosede ak arestasyon Merisier Abner, byen bonè maten jedi 22 desanm 2022 a.

Nan moman nap pale a, tou 2 endividi sa yo twouve yo nan gadavi Pòdpè a, pou trafik Zam ak detansyon zam ilegal, annatandan yo defere yo bay lajistis pou swit nesesè.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.