Grandans dràm: nan kouri pou ensekirite nan Pòtopwens, Modeline Beaubrun mouri nwaye nan lanmè Abwiko

822

04 – 01- 2024

Abriko, Ayiti ( TRiboLAND) Selon majistra komin Abriko a, Ricaldo Louis, yo rive dekouvri yon kò san vi,nan lanmè komin Abriko, depatman Grandans.


Viktim lan, ki te akonpaye manman l abò yon vwalye ki t’ap soti Potopwens pou vinn Anzdeno. Malerezman., yon move tan bare yo sou lanmè e bwote Modeline Beaubrun ak tout yon ti matela ki te sou lakal wvalye a. Viktim nan te tonbe nan lanmè e l mouri nwaye.

Apwè yon parèy dràm ki ta sanble bakle, lajistis pwosede ak arestasyon manman viktim lan ak tout kapitenn vwalye pou envèstigasyon, pandan jij depè Anzdeno a, otorize mete kadav lan nan mòg.

Nap raple, se te akoz mwayen ekonomik, ke kaptènn nan te asèpte bay Modeline ak tout manman li woulib.

Comments are closed.