Abitan 1e Seksyon Lacoma ak 2e Seksyon Guinaudée, komenn Janrabèl ap fès faskare ak gwo difikilte akoz mizè

0 628

Ba Nòdwès__(TRiboLAND) Grangou ak Sechrès, se yon dram lavichè ki achte 2 seksyon sa yo lajan kontan. Plis pase yon lane, pèsonn moun pa wè bagay ki rele lapli-a. Tout aden peyizan yo finn disparèt anba flanm sòlèy. Zannimo yo ki se bwàt sekrè abitan yo fin mouri akoz yo pa jwenn dlo pou yo bwè ak manje.

Sitiyasyon an 2 blòk sa yo nan Ba Nòwès la tèlman terib, si swadizan dirijan yo nan peyi isit pa fè yon entèvansyon rapid pou popilasyon Lakoma ak Guinaudée, nan jou ki pwal vini la yo se 2 ak 4 abitan ki pral mete ansanm pou achte yon timanmit diri pwiske nan moman n ap pale la li vann 75 goud Lesko.

Simon Dorvilas, delege ATKPL

De (2) manm responsab yon òganizasyon nan 2 rejyon sa yo ki pote non: AsosiyasyonTèt Kole pou Lakay ( ATKPL), Siméon Wilson ak Simon Dorvilas kowòdonatè respèktiv e delege Asosiyasyon sila a, adrese yo dirèkteman ak eli Nòdwès yo ki pa konnen egzistans pèp Lakoman ak Guinaudée ki te riske vi to nan pakouri plizyè dizèn kilomèt apye pou yo t al ba yo pouvwa, swete eli pwan ti kal konsyan yon fason pou rejwenn diferan antite kominotè pou yo kapab elabore yon sovtaj kap retire Lakoma ak Guinaudée soti nan kalamite ak soufrans atwòs sa a.

Siméon Wilson ak Simon Dorvilas fini pou di, “Majorite jènn gason ak jènn fanm ki finn fè etid inivésitè yo e ki pa jwenn travay pou yo fè, deja abandone Seksyon kominal sa yo yon manyè pou al boske lavi miyò lòt kote, akoz dràm mizè sa ki se yon katastwòf imanitè.


Saint-Jean wiskis,  TRiboLAND

Leave A Reply